AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Gen gwo dout pou chanpyona nasyonal la ta louvri 8 novanm lan

imaj atik la

06 novanm 2025   Benswilkenson Jean   650

Gwoup ki responsab pou louvri chanpyona a mete dat 8 novanm lan kòm dat pou relanse chanpyona nasyonal la. Yon ouvèti ki poko fin klè akoz abit yo poko fin antann yo ak LHF la sou kantite kòb yo ap touche.


Daprè enfòmasyon yo, poko fin gen antant ant abit yo ak kò ki ap òganize konpetisyon chanpyona nasyonal la. Pandan Ligue Haïtienne de Football la mete dat 8 novanm lan kòm dat ouvèti chanpyona nasyonal la, ta sanble bagay yo poko fin klè.

Genyen 2 rankont ki fèt ant komite abit yo ak komite k ap jere chanpyona a anyen poko fin klè. Selon enfòmasyon ki ap sikile, komite ki ap jere chanpyona nasyonal la ta vle retire anviwon 100 dola ameriken sou kòb abit yo te konn jwenn nan men federasyon an kòm frè match yo.

Abit yo te konn jwenn yon kantite ki varye ant 400 ak 500 dola ameriken pou 4 abit ki te konn dirije chak match nan chanpyona nasyonal la. Dirijan ki ap dirije LHF yo pa vle bay tout kòb sa.

Komite abit la riske pa abitre match ki ap jwe wikenn sa pou kontestasyon. Yon rankont te pwograme jodi 6 novanm lan ant 2 pati yo sou dosye a men ta sanble pa gen okenn akò ki jwenn paske sendika abit yo sòti yon nòt pou fè konnen poko gen akò ant yo menm ak LHF la.

LHF la jwenn menm difigilte ak FHF la nan dosye abit yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )