Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Mondyal mwens pase 17 lane an ap rapouswiv chemen l pou jèn Grenadye yo. Aprè fo pa 4-1 kont Ejip la, y ap jwe dezyèm match yo demen 7 novanm lan kont Angletè
Seleksyon nasyonal mwens pase 17 lane a nan peyi Kata kote y ap patisipe nan mondyal kategori sa. Ayiti ki twouve l nan gwoup E an, te jwe premye match li kont Ejipsyen yo. Yo te pèdi 4-1.
Pou dezyèm match grenadye yo nan konpetisyon an, y ap jwe fas Angletè ki te tonbe 3-0 devan Venezyela pou premye match yo a.
Grenadye yo pral nan yon batay sere sere kont jèn Three Lions yo ki yo menm tou ap chache premye pwen yo nan konpetisyon an.
Match la ap jwe demen 7 novanm lan nan lè 7è30 nan maten.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou