AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Yon ide sou wikenn kèk klèb ki angaje nan chanpyona ayisyen an

imaj atik la

03 novanm 2025   Neuvième Junior   1101

Kèk jou anvan Ligue haïtienne de football la wè jou, gen nan klèb yo ki te eseye planifye yon dènye rankont amikal pou teste talan yo avan menm chanpyona demare. Nan yo, gen klèb Ouanaminthe FC ki te pran randevou ak Real Hope Football Academy, sou pak notre dame lan. Tempête FC te jwe yon amikal fas Flam ki se yon lekol foutbòl. Dènye rankont lan se FICA ki echwe nan planifikasyonl ak AS JFT ki gen rezon sou li.

Nan tou rankont sa yo, ti mesye klèb lè kapitèn yo ki t ap resevwa Rinosewòs yo, korije kapwa yo (1-0) gras ak youn nan pi bon atakan klèb la, Widjoly Minoche ki se sèl bitè match la. Malgre fason tèren an te parèt glise, 2 ekip sa yo ki angaje yo nan Ligue Haïtienne de Football la, te rive fè fanatik yo plezi nan ofri yo bèl prestasyon.

Kote Tempête FC, Guerlens Pierre ak Ardens Jean fè yo goute ak siksè pandan ouvèti D1 an nan wout ap vini. Fas lekòl foutbòl Flam lan ki ap pèmèt jèn yo mete talan yo deyò, senmakwa yo jwenn rezon mete anpil nivo pou chavire advèsè a (2-0). Konsa, yo ap kapab antre nan konpetisyon an ak tout yon espri ganyan.

Pou 3èm match la, AS JFT ki te pran yon rakle nan amikal fas ASC, pase FICA yon ti tap (1-0), pou fè yo santi ekip la bezwen rete konsantre pou antame sezon 2025-2026. Defèt sa jòn e vèt yo konnen nan amikal sa, pral ede yo pote koreksyon ak evite fè neglijans pandan chanpyona a.

Aprè ranfòsman, rankont amikal, seyans antrènman ak aprantisaj, moman rive pou efektif chak klèb yo al bay sa manadjè yo te travay ak yo. Pou ankouraje ti mesye yo, randevou klase ak fanatik chak klèb pou ale sipòte ekip pa yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )