AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Premye match pou Chelsea Domond avèk En Avant Guingamp

imaj atik la

2 Novanm 2025   Jacky Chéry   487

Atakan entènasyonal ayisyèn Chelsea Amanda Domond jwe jodi dimanch 2 novanm lan premye match li sou koulè En Avant Guingamp k ap evolye nan Seconde Ligue lan.


Nan okazyon sizyèm jounen chanpyona dezyèm divizyon fanm nan, Chelsea Domond ki t ap jwe sezon pase nan Olympique Marseille, ap kontinye avanti li nan foutbòl fransè an.

Fas Stade de Reims, atakan entènasyonal ayisyèn lan te nan onz antrenè EAG an te chwazi pou demare match lan. Pou premye parèt sa, Chelsea Domond jwe 77 minit, malgre defèt Wouj ak Nwa yo (1-2).

Jwez ayisyèn 25 lane an toujou sou kontra avèk Olympique Marseille, ki prete l pandan yo monte nan Arkema Première Ligue lan. En Avant Guingamp te prezante ofisyèlman Chelsea Domond kòm nouvo jwez yo pandan fen semèn lan, yon ti kras tan aprè trèv FIFA a.

N ap note, En Avant Guingamp ki gen ladan l egalman Betina Petit-Frère mal demare sezon Seconde Ligue lan kote yo okipe dènye plas lan aprè 6 jounen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )