ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Jean-Ricner Bellegarde ak Wolverhampton pa wè klè menm nan Premier League

imaj atik la

02 novanm 2025   Benswilkenson Jean   771

Mitan tèren ayisyen an Jean-Ricner Bellegarde ap konnen yon move moman nan Premier League la. Wolves yo sou 8 defèt nan 10 match yo jwe nan chanpyona a.


Mitan tèren ayisyen 27 lane a Jean-Ricner Bellegarde ap konnen yon moman nwa li menm ak klèb Wolverhampton lan nan Premier League la. Wolves yo sou 10 match san konnen gou viktwa pou kòmansman sezon 2025-2026 la. Sou 10 jounen yo jwe yo Wolverhampton fè 8 defèt ak sèlman 2 match nil.

Wolverhampton konn gou viktwa nan Premier League la depi 26 avril 2025. Se te nan kad 34èm jounen an kont ekip Leicester City a (3-0). Nan match sa mitan tèren ayisyen an te monte nan 84èm minit.

Pou kounya Wolves yo nan dènye plas la ak sèlman 2 pwen aprè 10 jounen boul. N ap raple Bellegarde jwe 9 nan 10 match Wolverhampton yo, li pa ni fè gòl ni bay pas gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )