ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Jack Grealish reyaji pou montre mekontantman li akoz abitraj dèbi a

imaj atik la

21 septanm 2025   Neuvième Junior   584

Liverpool kontinye gwo kòmansman sezon y ap fè a pandan yo genyen ekip Everton lan nan dèbi Merseyside (2-1) pou yo fè yon senkyèm siksè nan Premier League la. Men Jack Grealish, pa t kontan ditou pou abitraj match sa.


Rankont sa ki te jwe yè samdi a, fè Jack Grealish reyaji pou fè santi fason li pa kontan pou plizyè desizyon abit la pran. Pou li te kòmanse, anglè a te jije fason abit la te jere tan adisyonèl la ki te twò kout pou li menm.

« Twa minit epi yon minit adisyonèl? Mezanmi, sa fè 2 ou 3 lane depi nou pa wè sa nan Premier League la », premye pawòl li nan mikwo TNT Sports. Selon li, Reds yo te ralanti jwèt la ak tout konsantman yo e abit yo pa pran responsablite yo pou rekipere tan pèdi sa yo.

Men Grealish pa t rete la, li te denonse avètisman abit la te bay Kiernan Dewsbury-Hall paske li te jwe yon koufran twò rapid e jwè a panse l manke konpreyansyon. « Mwen pa janm wè yon jwè pran katon jòn pou sa. N ap pèdi, nou te vle relanse jwèt la, epi l pran yon katon jòn. Sa pa fè sans», yon lòt deklarasyon pou ensiste.

Akoz plizyè desizyon ki an favè Liverpool, anglè a estime abit la Darren England te tonbe anba presyon Anfield ak piblik la. Konsa, jwè a montre mekontantman li fas sitiyasyon an. Jack ap konnen yon kòmansman sezon tèt chaje.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )