ETAZINIMLSUSLOpenCupLòt
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Poukisa Inter Miami poko kalifye malgre li gen avantaj eskò a (4-3)?

imaj atik la

2 novanm 2025   Steve Pierre   1028

Inter Miami poko asire plas li pou kadefinal faz eliminatwa (Playoffs) Major League Soccer (MLS) lan. Ekip Lionel Messi a oblije jwe yon twazyèm match desizif kont Nashville SC. Sa ka parèt etranj paske, si yo fè total gòl yo make sou de (2) premye match yo, Miami gen yon avantaj (4-3).


Pwen esansyèl pou konprann sitiyasyon an chita sou fòma espesifik yo itilize nan premye tou Playoffs MLS la: sa yo rele "Best-of-3" (Pi Bon sou Twa Match).

Kontrèman ak Ligue Des Champions an oswa lòt konpetisyon foutbòl, kalifikasyon an nan seri sa a pa depann ditou de total gòl yo make, sa yo rele nan lang fransè a "score cumulé". Pou di l klè, gòl yo make nan match anvan yo inyore nèt lè y ap detèmine ki ekip ki kalifye.

Sèl kritè pou avanse nan pwochen tou a se kantite viktwa ekip la ranpòte. Premye ekip ki rive ranpòte de (2) viktwa ap genyen seri a epi l ap kalifye.

Inter Miami te ranpòte premye match la lakay li (3-1), sa ki te ba yo yon avantaj (1-0) nan seri a. Apresa, Nashville SC te reponn nan dezyèm match la, kote yo te genyen (2-1) lakay yo.

Se poutèt sa, menmsi Miami gen yon avantaj nan total gòl yo (4-3), seri a retounen nan yon egalite pafè (1-1) an tèm de viktwa. Rezilta chak match konsidere kòm yon viktwa oswa yon defèt pou kont li, san okenn enfliyans diferans gòl la sou kalifikasyon an. Nesesite pou Match 3 a.

Egalite (1-1) sa a fòse yo jwe yon twazyèm match desizif (Game 3), ki pral fèt ankò sou tèren ekip ki te pi byen klase a, Inter Miami, nan samdi 8 novanm k ap vini la.

Defi a Senp : Pou Inter Miami kalifye, yo dwe genyen Match 3 a, kit se nan tan reglemantè a, kit se nan tiwobi. Si se Nashville ki genyen, se yo menm ki pral kalifye ak de (2) viktwa.

Anplis de sa, menm Match 3 sa a pa ka fini sou yon match nil : si eskò a egal aprè 90 minit yo, ekip yo ap prale dirèkteman nan seyans tiwobi yo, san yo pa jwe pwolongasyon, pou asire gen yon gayan pou seri a fini.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )