ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Kòman bilan dènye antrenè aprè Ferguson yo ye ak Manchester United

imaj atik la

28 septanm 2025   Benswilkenson Jean   578

Manchester United ap konnen yon moman twouble nan egzistans yo, dènye bilan antrenè yo pa bon menm ak klèb la.


Nan atik sa Golayiti chwazi fè yon kout je sou dènye antrenè ki pase nan tèt ekip Manchester United la aprè pasaj Alex Ferguson nan tèt ekip la.

Depi aprè antrenè anglè a Alex Ferguson ki te pase 27 lane ap dirije Reds Devils yo, genyen 10 antrenè ki dirije klèb Manchester United la. Pi plis tan yon antrenè fè apre pasaj Ferguson nan tèt Reds Devils yo se 2 lane. Antrenè ki reyisi eksplwa sa yo se José Mourinho (2016-2018) ak Luis Van Gaal (2014-2016) ak Eric Ten Hag (2022-2024).

Nan tout 10 antrenè sa yo, Ole Gunner Soljaer se antrenè ki fè plis match nan tèt ekip la, li fè yon total 149 match nan tèt Reds Devils yo pou yon afè 78 viktwa 33 nil ak 38 defèt. Anvan sa li te dirije 19 match nan tèt yo kòm antrenè enterimè. José Mourinho se antrenè ki te fè plis viktwa nan tèt ekip la (84 pou 144 match).

Dènye antrenè klèb la gen nan moman an se Ruben Amorim, yon antrenè pòtige. Jodi 27 septanm 2025 lan fè l 10 mwa 16 jou nan tèt ekip la. Li deja dirije 49 match pou 21 defèt ak 19 viktwa epi 9 nil.

Bagay yo pa bon menm pou kòmansman sezon 2025-2026 la pou klèb la ki te deja konnen yon sezon 2024-2025 konplike kote yo te fini 16èm.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )