ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

Al Ittihad koupe fache ak Laurent Blanc e tout estaf li a

imaj atik la

29 septanb 2025   Neuvième Junior   845

Aprè defèt kont Al Nassr a (0-2), Al Ittihad mete yon fen nan kolaborasyon yo ak Laurent Blanc ki te vini nan lane 2024 e sakre chanpyon nan sezon 2024-2025 lan.


Aprè defèt kont Al Nassr a (0-2), Al Ittihad mete yon fen nan kolaborasyon yo ak Laurent Blanc ki te vini nan lane 2024 e sakre chanpyon nan sezon 2024-2025 lan.

Akoz yon defèt yo twouve ki krisyal, teknisyen fransè a kite fonksyon li ak tout moun ki te nan estaf li a. Desizyon sa vini aprè yon komansman sezon ki gen 3 viktwa epi yon defèt nan match chòk 4èm jounen an.

"Konsèy administrasyon klèb la remèsye li pou tout jefò li te bay pandan peryòd anvan e swete Laurent anpil siksè ak tout estaf la pou yon lòt pwojè nan fiti l". Kominike ofisyèl klèb Ittihad la ki gen baz li Djeddah. Pandan tan sa, Hassan Khalifa, ki se adjwen chanpyon Dimond 1998, ap gen pou asire enterim lan bò kote espanyòl la Ivan Carrasco, an atandan nominasyon yon lòt antrenè.

Pou relanse sezon tig yo, ekip la ki ap chèche yon nouvo kotch, eseye pran kontak ak Xavi selon Matteo Moretto. Kotch la lib depi aprè l fin kite FC Barcelone, dirijan yo vle chwazi l akoz eksperyans li nan lane 2019 e 2021 sou ban Al Sadd la ki se klèb peyi Kata.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou