ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

Fabinho fè konnen li pa t swete kanpe ak Liverpool

imaj atik la

22 oktòb 2025   Neuvième Junior   615

Nan lane 2023, Fabinho ki t ap fè bonè Liverpool, te oblije kite klèb anglè a pou li te ka pran wout Arabi Sawoudit. Malerezman ansyen jwè Monaco a te oblije kite ekip la malgre li pa t vle sa.


Nan lane 2023, Fabinho ki t ap fè bonè Liverpool, te oblije kite klèb anglè a pou li te ka pran wout Arabi Sawoudit. Malerezman ansyen jwè Monaco a te oblije kite ekip la malgre li pa t vle sa.

Aprè yon pakou reyisi ak AS Monaco, Fabinho ki te rejwenn Reds yo nan lane 2018, te rive enpoze l anndan tèren klèb wouj la. Sou lòd Jürgen Kloop, brezilyen an te jwe yon wòl kle anndan tèren ekip Liverpool la. Malerezman, rèv li te genyen pou kontinye ekri listwa ak klèb la 5 lane aprè, te pran fen nan lane 2023. Malgre jwè a pa t swete kanpe nan wout ak Reds yo, direksyon klèb la ak tout antrenè a te wè sa diferan jis yo te rive aksepte yon òf kite soti bò kote Tig yo. Swit ak desizyon sa, brezilyen an oblije tann 2 lane pou reyaji sou transfè sa.

« Mwen pa t vle kite klèb la pou rejwenn yon lòt klèb ewopeyen. Anvan kòmansman sezon an, Al-Ittihad te fèm yon òf e dirijan Liverpool yo te di li bon pou klèb la ak pou mwen. Mwen te pè e mwen te deside tann reyaksyon estaf teknik lan. Mwen panse m te yon jwè enpòtan e mwen panse yo t ap refize tout òf, menm reyalize klèb la te vle vann mwen. », deklarasyon brezilyen an.

Jounen jodi a, Fabinho ap fè bonè klèb sawoudyen an kote li deja ranpòte Saudi Pro League la ak Koup Diwa Arabi a. E ayè lendi a, jwè 31 lane a make premye gòl li pou sezon an ak klèb la, nan viktwa Al-Ittihad fè sou Shorta (4-1) nan kad 3èm jounen match Ligues Des Champions Azyatik la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou