ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

N'Golo Kanté frape pou sove po Al-Ittihad

imaj atik la

21 septanm 2025   Neuvième Junior   660

Si nan premye sòti klèb Al-Ittihad nan Ligue Des Champions Azyatik la yo te konnen yon defèt (2-1) an deplasman lakay klèb emirati Al-WahdaAl, yè samdi a yo jwenn yon sovè ki ede yo sòti nan yon pyèj.


Anvan sezon an te kòmanse, N'Golo Kanté ki apèn sot chanpyon ak Al-Ittihad te nan yon difikilte pou konnen sa ki ap deside pou avni l. E pami klèb ki te gentan ap tann jwè a, nou kapab site Paris FC ak Monaco nan peyi Lafrans. Men sa pa rive fèt e jwè a kontinye evolye sou koulè klèb Djeddah.

Kòm rekonpans ak desizyon pou defann sezon an ak ekip la, ansyen jwè Chelsea a pèmèt chanpyon SPL an tit la, fè yon kout viktwa (0-1) fas ekip Al-Najma sou twazyèm match yo nan Saudi Professionnal League la. Pou make gòl la, milye tèren fransè a ki jwe tout 90 minit plis tan adisyonèl la te oblije tann jiska 90èm minit + 6 pou ede koyekipye li yo pran 3 pwen sa lakay konkiran yo.

Aprè plizyè jou, jwè silansye a fè non li tounen site depi aprè rimè ki te fè kwè li ap kite ekip la. E jodi a, N'Golo bay repons ak yon gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou