Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Sou yon bèl apwi, fransè fè yon bèl gòl pike ak pye goch li. Théo ki bitè nan match la te make dezyèm gòl ekip la sou tèren lidè chanpyona Ouzbekistan an.
Theo Hernandez kontinye swiv chimen kan ak klèb Al-Hilal la depi aprè li fin rejwenn klèb sawoudyen an. Jodi lendi a, lateral goch fransè a enskri katriyèm gòl li nan 6 rankont avèk klèb sawoudyen an. Gòl sa vini pandan siksè yo fè kont Nasaf (3-2) nan Ligue Des Champions Azyatik la.
Sou yon bèl apwi, fransè fè yon bèl gòl pike ak pye goch li. Théo ki bitè nan match la te make dezyèm gòl ekip la sou tèren lidè chanpyona Ouzbekistan an.
Gras ak viktwa sa, Al-Hilal pran premye plas gwoup B a pwovizwaman ak 6 pwen. Aprè l te fin kite Milan AC, Hernandez kapab rejwenn seleksyon fransèz la pou rasanbleman k ap fèt mwa oktòb lan. Jedi aprè midi, Didier Deschamps ta dwe bay lis jwè ki ap gen pou rejwenn seleksyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou