ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

Riyad Mahrez kraze yon rekò nan 16 rankont C1 Azyatik la

imaj atik la

22 oktòb 2025   Neuvième Junior   622

Gras ak yon pas desizif ayè lendi a nan match ki te mete fas pou fas Al Gharafa SC kont Al-Ahli a, Riyad Mahrez rive kraze yon rekò nan kontinan Azyatik la. Sou 16 rankont sèlman, Aljeryen an reyalize 20 aksyon desizif nan koze C1 Azyatik la. Sa ki pèmèt li itilize mwens match pase Omar Al Somah.


Gras ak yon pas desizif ayè lendi a nan match ki te mete fas pou fas Al Gharafa SC kont Al-Ahli a, Riyad Mahrez rive kraze yon rekò nan kontinan Azyatik la. Sou 16 rankont sèlman, Aljeryen an reyalize 20 aksyon desizif nan koze C1 Azyatik la. Sa ki pèmèt li itilize mwens match pase Omar Al Somah.

Fas bitè Ahlaouis a, Riyad Mahrez rive kraze rekò atakan siryen an nan koze fè gòl ak bay pas gòl nan Ligue Des Champions Azyatik la. Nan pakou Omar Al Somah ki ap jwe sou koulè Al Hazm lan, li te tann 24 rankont pou li te desizif 20 fwa ak klèb Al Raqi a nan istwa C1 an.

Mahrez ki ap sibi anpil kritik nan moman paske li pako ka reponn ak atant yo pou sezon an nan SPL la, deja pran rekò sa li mete l nan pòch li ak 11 gòl e 9 pas nan konpetisyon entèklèb Azi a. Pou ansyen jwè Manchester City a rive fè sa, li sèlman itilize 16 rankont pou montre kapasite l nan konpetisyon li pi renmen an. Li rive mete l nan viktwa Al-Ahli fè (4-0) sou Al-Gharafa pou twazyèm sòti yo nan Ligue Des Champions Azi a.

Si nou ap gade diferans ki genyen ant 2 jwè yo, nou kapab di siryen an se yon avansant sa ki ba l yon avantaj sou aljeryen an. Men, sa pa anpeche Riyad gen rezon sou li nan faz sa. E kòm prèv, sezon pase li te youn nan pilye ki te mennen ekip la ak tit chanpyon konpetisyon sa. Nan lè sa, li te fè 9 gòl e bay 8 pas desizif nan 13 rankont. Pou edisyon sa, aljeryen an deka montre l desizif ak 2 gòl epi yon ofrann pou 3 match.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou