ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiCup

SaudiCup

Joao Félix kontinye enplikel nan eksplwa Al-Nassr yo

imaj atik la

24 septanb 2025   Neuvième Junior   973

Pandan mèkato sa, klèb Al-Nassr a reyalize plizyè acha pou ranfòse efektif la. Pami jwè li konkeri yo, nou kapab site entènasyonal Pòtigè a João Félix ki se youn nan meyè eleman klèb la pou kòmansman sezon an.


Pandan mèkato sa, klèb Al-Nassr a reyalize plizyè acha pou ranfòse efektif la. Pami jwè li konkeri yo, nou kapab site entènasyonal Pòtigè a João Félix ki se youn nan meyè eleman klèb la pou kòmansman sezon an.

Depi lè milye ofansif la rive nan klèb Arabi Sawoudit la, li lanse sezon an avèk yon foug ki montre talan l toujou la. Nan rankont li dispite ak jòn e ble yo, ansyen jwè Chelsea a fè filè souke plizyè fwa pou patisipe nan ansanm viktwa klèb li ap konnen yo.

Avèk 7 gòl nan 7 rankont ofisyèl li jwe sou koulè Al-Nassr, João mete anpwent li an gran jan pou fè advèsè yo pè. Anvan match chòk ki ap mete Al-Nassr kont Al-Ittihad vandredi pou 4èm jounen SPL la, entènasyonal pòtigè a te livre yon match tèt chaje aprè li te fin antre nan match la nan 63èm minit.

Pou 27 minit li jwe nan match la, João Félix te bitè nan 71èm minit e pasè nan 89èm pou te ede ekip Al-Nassr a kraze zo Jeddah Club (4-0) nan match 16èmfinal Koup Diwa Arabi a. Li rete pou ansyen jwè Milan AC a reponn prezan pou ede ekip la jwenn rezon fas Tig yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou