Al Nassr ranpòte yon lòt viktwa enpòtan 2-1 ayè kont Al Taawoun nan Saudi Pro League la. Lòt viktwa sa pèmèt ekip la kontinye sou yon kòmansman sezon pafè kote y ap kontinye kreye sansasyon e montre volonte ki genyen pou defann tit sezon pase an.

Yon match ki te mande karaktè
Al Taawoun te frape an premye ak Mohammed Al Hurayji ki te mete ekip vizitè a devan nan 11èm minit pou pèmèt Taawoun mennen 1-0. Malgre sa, Al Nassr pa t panike e li te kontinye chèche solisyon.
Nan fen premye mitan an, Samú Costa egalize pou Al Nassr nan tan adisyonèl, anvan Cristiano Ronaldo bay ekip la avantaj nan kòmansman dezyèm mitan an aprè li te fin devye yon balon kite deja pran wout kan.
Ronaldo ankò!
Cristiano Ronaldo make youn nan gòl ki pèmèt Al Nassr ranpòte viktwa. Se dezyèm gòl li nan sezon Saudi Pro League la aprè 4 jounen boul.
Aprè gwo remontada 3-2 kont Al Ettifaq nan match anvan an, Al Nassr montre ankò li gen kapasite pou reziste anba presyon lòt ekip yo mete sou yo chak fwa okazyon an prezante.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou