AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Senk Ayisyen deja nan konpetisyon Ewopeyen yo, Frantzdy Pierrot pa nan yo pou kounye a

imaj atik la

27 dawout 2026   Steve Pierre   1460

Senk (5) jwè ayisyen ap patisipe nan konpetisyon klèb UEFA yo pou sezon 2026-2027 la. Yo pral defann koulè Sunderland AFC, Ferencváros TC, AC Omonia ak FC Lugano nan League Europa ak Conference League la.


Atakan ayisyen an, Wilson Isidor, ap jwe League Europa avèk Sunderland AFC, nan peyi Angletè. Klèb la jwenn plas li nan konpetisyon an aprè bon pèfòmans li nan Premier League la pandan sezon ki sot pase a.

Nan peyi Ongri, Lenny Joseph ap reprezante Ferencváros TC nan League Europa. Atakan ayisyen an deja montre bon fòm li nan faz preliminè yo, kote li make kat gòl, epi jodi a ekip li a elimine Trabzonspor pou valide biyè yo.

Jean-Kévin Duverne ap patisipe nan Ligue Europa avèk AC Omonia Nicosie, yon klèb ki sòti nan peyi Chip. Entènasyonal ayisyen an pral pote eksperyans li nan defans lan nan konpetisyon kontinantal la.

Dany Jean ap jwe Ligue Europa ak SCU Torreense, byenke klèb la nan dezyèm divizyon pòtigè a (Liga Portugal 2). Yo kalifye gras a yon viktwa istorik nan Coupe du Portugal kont Sporting CP.

Pou Hannes Delcroix, se nan Conference League lan li pral evolye. Defansè santral ayisyen an ap jwe avèk FC Lugano, nan peyi Swis.

Te ka gen yon 6èm moun. Men, kesyon Frantzdy Pierrot a rete apa. Atakan ayisyen an toujou anba kontra ak AEK Athènes, nan peyi Lagrès. Sezon pase a, li te prete l bay Çaykur Rizespor, nan peyi Latiki. Prè a fini, Pierrot ta dwe tounen nan AEK.

Daprè verifikasyon ki fèt sou sit ofisyèl AEK Athènes nan, non Pierrot pa parèt nan lis ekip la pou sezon 2026-2027 la. Pandan kèk medya ap rapòte sou yon posib depa pou atakan an, sitiyasyon li poko fin klè.

Pou rezon sa, Pierrot pa antre nan lis jwè ayisyen ki deja idantifye kòm patisipan nan konpetisyon Ewopeyen yo pou sezon 2026-2027 la. Si sitiyasyon klèb li chanje, lis la kapab evolye.

Pou kounye a, Wilson Isidor, Lenny Joseph, Jean-Kévin Duverne, Dany Jean ak Hannes Delcroix se senk (5) jwè ayisyen ki angaje nan konpetisyon Ewopeyen yo pou sezon 2026-2027 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou