AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Martin Expérience briye ak Dender kont RFC Liège

imaj atik la

29 dawout 2026   Neuvième Junior   205

Pou 3èm jounen Challenger Pro League Bèljik la, FCV Dender te rankontre RFC Liège nan Stade de Rocourt a, samdi 29 dawout 2026 la. Pou 3èm match sa, Martin Expérience te titularize nan sistèm 5-3-2 Dender a, kòm latéral gòch ak nimewo 23. Avèk titilarizasyon sa, Martin pa rate okazyon pou montre se pa yon aza kifè l te briye nan match avan.


Pou 3èm jounen Challenger Pro League Bèljik la, FCV Dender te rankontre RFC Liège nan Stade de Rocourt a, samdi 29 dawout 2026 la. Pou 3èm match sa, Martin Expérience te titularize nan sistèm 5-3-2 Dender a, kòm latéral gòch ak nimewo 23. Avèk titilarizasyon sa, Martin pa rate okazyon pou montre se pa yon aza kifè l te briye nan match avan.

Rezilta final: RFC Liège 1-2 Dender

Fas Liège ki t ap mennen 1-0 sou klèb grenadye a, Dender oblije montre anpil karaktè pou pran viktwa a deyò lakay li. Gras ak yon penalite, Liège te pran avantaj la sou koyekipye defansè ayisyen an byen bonè nan rankont lan. Anvan menm abit la sifle fen premye peryòd la, ekip Dender a te jwenn egalizasyon an epi pran avantaj la nan dezyèm peryòd la gras ak yon penalite yo te jwenn tou pou mennen (1-2) an deplasman.

Expérience kontinye fè eko

Martin Expérience ki kontinye fè eko, te jwe yon wòl enpòtan nan liy defans lan pandan ekip la t ap chèche kontwole atak Liège yo. E Daprè done Sofascore, Ayisyen an resevwa yon nòt 7.1 pou pèfòmans li jodi a.

Matin Expérience, yon nouvo viktwa nan Bèljik!

Aprè li te deja montre kapasite l ak Dender depi kòmansman sezon an, Martin Expérience kontinye konfime li kapab yon pyès enpòtan pou ekip la. Kont RFC Liège, entènasyonal ayisyen an te jwenn yon lòt opòtinite pou montre disiplin li, entansite l ak kapasite li sou bò gòch la fason li t ap atake e defann nan yon wòl ki mande anpil fizik.

Pou Martin Expérience, se yon bèl kòmansman sezon nan nouvo avanti li nan Challenger Pro League la. Ladann, klèb la konnen yon defèt e 2 viktwa aprè 3 jounen boul.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou