Jean-Kévin Duverne ak Omonia Nicosie reyalize yon bèl monte nan baraj League Europa pou sezon 2026-2027. Travay sa yo fè an vini aprè yo te fin pèdi 1-0 nan match ale a kont Sint-Truiden nan peyi Bèljik, men nan retou a ki jwe jodi a, entènasyonal ayisyen an kontinye chimen an ak koyekipye l yo lè yo rive enpoze yo 4-2 pou pran biyè a nan men bèlj yo.

Duverne te solid nan batay yo
Defansè ayisyen an ki pote nimewo 93 nan ekip la, ap evolye kòm defansè santral pandan li kapab jwe kòm lateral dwat nan yon rankont. Ak 29 lane li genyen an, li pote eksperyans li ba yon ekip Omonia ki ranpli ak anbisyon pou monte sou podyòm ewopeyen an.
Padan match ale a, Duverne te titilè kote l te jwe tout rankont lan. Men, nan 51èm minit, grenadye a te pran yon katon jòn sa ki pa t anpeche l fè travay li.
Nan retou a, li tounen enplike l nan konba defansif nouvo klèb li a t ap mennen an. Done match yo montre li te jwenn anpil koufran pou ekip la akoz plizyè fot li te sibi.
Yon remontada ki make lespri
Aprè echèk ale a, Omonia rive reponn ekip la ak anpil klas fason yo fini pa mete klèb Bèljik la deyò nan pakou a. Pou sa, yo te konte sou Loïs Diony ki make yon triple pou pèmèt chipriyòt yo pran kontwol la avan Panagiotou fini ak sa pou yon eskò final 4-2.
Kalifikasyon sa ede Jean-Kévin Duverne kontinye avanti ewopeyen an avèk Omonia Nicosie e reprezante pou yon lòt fwa Ayiti sou sèn Ewòp la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou