Atlético Madrid pibliye lis jwè li yo pou rankont kont FC Séville la san non atakan ajanten Julián Álvarez. Absans sa a rive nan yon moman kote jwè a ap fè fas ak kesyon sou eta sante li, pandan avni li nan klèb la kontinye alimante anpil espekilasyon sou mache transfè a.
Daprè enfòmasyon ki sòti nan peyi Espay, Álvarez pa patisipe nan antrènman Atlético Madrid yo depi twa (3) jou. Klèb la fè konnen entènasyonal ajanten an pa t santi l byen depi mitan semèn nan, yon sitiyasyon ki te anpeche l patisipe nan preparasyon ekip la pou match jodi a kont Seville a 3è 30 . Absans repete sa yo te kreye enkyetid anndan klèb la, ki te oblije jwenn plis detay sou sitiyasyon jwè a atravè fanmi li.
Radyo panyòl COPE rapòte, sou baz sous li yo, Álvarez ta remèt yon sètifika medikal ki fè referans ak yon depresyon. Men, Atlético Madrid pa konfime enfòmasyon sa yo. Jiskaprezan, responsab ekip la limite yo pou pale de yon pwoblèm malèz, pandan yo asire sèvis medikal yo rete disponib pou akonpaye jwè a.
Nan yon konferans pou laprès, antrenè Diego Simeone pa t bay anpil detay sou dosye a. Li te sèlman fè konprann sitiyasyon an kapab evolye rapidman si kondisyon sante jwè a amelyore. Pou bò pa l, Direktè Jeneral Atlético Madrid la, Miguel Ángel Gil Marín, rekonèt Álvarez ap travèse yon moman difisil sou plan pèsonèl ak pwofesyonèl, pandan li fè alizyon ak enfliyans kèk moun ki ta pa t jere dosye a nan pi bon fason.
An paralèl ak kesyon sante sa yo, avni Julián Álvarez kontinye okipe tit medya espòtif yo. Depi plizyè semèn, non li asosye ak yon posib transfè pou FC Barcelone. Enterè klèb katalan an te menm konfime piblikman pa prezidan Joan Laporta. Men Atlético Madrid rete fèm sou pozisyon li epi li pa montre okenn volonte pou negosye depa atakan an, malgre plizyè rimè sou òf ki ta deja sou tab la.
Sitiyasyon an vin ogmante tansyon bò kote kèk sipòtè Atlético yo. Pandan dènye semèn yo, plizyè manifestasyon te fèt ozalantou dosye Álvarez la, ak kèk mesaj ki te parèt toupre Estadio Metropolitano a pou mande yon solisyon rapid sou avni jwè a.
Pandan Atlético Madrid ap prepare pou jwe kont Séville, kesyon sou Julián Álvarez la rete san repons klè. Ant kesyon sante li ak ensètitid ki antoure pwochen etap karyè li, dosye a kontinye domine aktyalite klèb madrilèn nan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou