ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

José Mourinho gentan takle yon jèn jwè Real Madrid nan Laprès

imaj atik la

29 dawou 2026   Benswilkenson Jean   815

Antrenè pòtigè a José Mourinho tout moun konnen ki toujou renmen pale dirèk nan medya sou fason jwè l yo konn ye, gentan pase pran yon jèn jwè Real Madrid. Special One lan ki te pran mikwo laprès anvan match Real Madrid-FC Séville la te pale de jèn mitan tèren Real Madrid la Tiago Pitarch


Jèn jwè sa ki te montre bon potansyèl li anndan ekip Real Madrid la sezon pase a toujou poko nan okenn fèy match antrenè pòtigè a. Pandan Mourinho pa krache sou talan jèn lan men li pale mal de fòm fizik li.

"Mwen byen renmen Tiago Pitarch. Li gen anpil kalite, men janm li yo sanble ak pa m yo. Li dwe travay plis nan aspè sa" deklarasyon Special One lan sou fizik Pitarch li di ki sanble ak pa l yo.

Pitarch se premye jwè Real Madrid ki gentan resevwa kout bouch nan men Mourinho.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou