Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè 8 sezon ap pote koulè mayo bavawa yo, entènasyonal fransè a chwazi fè wout kontinan Azyatik la pou rejwenn klèb Al Nassr a ki gen Cristiano Ronaldo, nan lide pou leve yon nouvo defi.
Aprè 8 sezon ap pote koulè mayo bavawa yo, entènasyonal fransè a chwazi fè wout kontinan Azyatik la pou rejwenn klèb Al Nassr a ki gen Cristiano Ronaldo, nan lide pou leve yon nouvo defi.
Apèn li rive nan klèb ki gen plis tit nan Arabi a, Coman te jwenn chans pou te ede ekip la pran premye tit li sou rèy CR7, Mané pou site sa yo sèlman. Men malerezman, Al-Ahli pa t kite sa pase nan final Sipèkoup Arabi a. Depi aprè match sa, talan fransè a kontinye swiv chimen an ak jòn e ble yo pou wè nan ki mezi li kapab pote sipò li.
Pou l te demare sezon SPL la, Jorge Jesus ki se antrenè Al Nassr a, te lanse Kingsley kòm titilè depi nan premye jounen chanpyona e kòm rezilta, ansyen bavawa a te bitè pou premye match li nan SPL la. Touswit apre trèv entènasyonal la, li te kontinye eksprime l nan dezyèm rankont Al Nassr a ak yon pas gòl. Titilè nan match Ligue Des champions 2 AFC Azyatik la, li patisipe nan viktwa ekip la te fè (5-0) mèkredi a sou Istiqlol Douchanbé ak yon gòl.
Sou twazyèm afwontman klèb Riyad la nan chanpyona Arabi a, Cristiano Ronaldo, João Félix ak Kingsley Coman mete ansanm pou sasinen ekip Al Riyad la (5-1) pandan wikenn lan. Nan match sila, nou te asiste Coman ki bay 2 pas desizif epi make yon gòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou