Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Apre 5 lane pase nan peyi Itali, lateral goch fransè a Théo Hernandez te kite peyi Itali pou rejwenn Arabi Sawoudit. Sou chwa sa, ansyen Milan AC a te depoze valiz li nan klèb Al-Hilal pou 25 M€ nan dat 10 jiyè 2025.
Apre 5 lane pase nan peyi Itali, lateral goch fransè a Théo Hernandez te kite peyi Itali pou rejwenn Arabi Sawoudit. Sou chwa sa, ansyen Milan AC a te depoze valiz li nan klèb Al-Hilal pou 25 M€ nan dat 10 jiyè 2025.
Depi lè Théo fin rejwenn klèb la, li rive jwe 2 match ak ekip la nan SPL la. E nan dezyèm demaraj li ak ekip la, jwè a te titilarize fas chanpyon Azyatik yo pou 3èm jounen Saudi Pro League la. Kòm dabitid, fransè a ki te bitè nan semèn lan pou te ede ekip li genyen nan premye jounen Ligue des champions Azyatik la (2-1) kont Al Duhail, fè talan bitè li pale pou yon lòt fwa ankò. Fwa sa, se pou premye fwa nan chanpyona Arabi a.
Kont Al-Ahli ki fè nil 3-3 kont ble yo, ansyen Madrilèn lan te louvri eskò a sou yon pas Malcom pou te pèmèt ekip la mennen. Pi devan nan premye peryòd la, Malcom te fè 2 gòl pou bay avantaj lan ak Al Hilal (0-3). Dezyèm peryòd, Ivan Toney 2 gòl ak Demiral youn, te mete yo ak egalize pou te pèmèt ekip la evite defèt sa. Gras ak 2 pas gòl Riyad Mahrez Al-Ahli fè (3-3) kont ekip Simone Inzaghi a.
Théo ki apèn rejwenn klèb la ki deja bitè 2 fwa ak yo, te fini rankont lan sou ban malgre pèfomans li te bay la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou