Kredi Foto: @Golayiti
Klèb Aigle Noir la poko janm ka patisipe nan Chanpyona nasyonal la paske yo te nan dezyèm divizyon lè dènye fwa chanpyona a te kanpe. Malgre chanpyona premye divizyon an ap reprann sou plizyè fòma men anyen poko fèt pou dezyèm divizyon an.
Malgre sa ekip la pa janm bay vag tankou jan anpil lòt klèb fè l. Yo kontinye antrènman, direksyon an ap inove chak tan e yo toujou gen plizyè jwè nan seleksyon nasyonal jèn yo nan tout nivo. Pandan dènye tan sa yo, Aigle Noir kontinye ap ranje chita l kòm youn nan gwo klèb aktyèl peyi a malgre li pa nan chanpyona a.
Semèn pase a direksyon klèb la anonse yo genyen kategori foutbòl fanm nan ekip la, semèn sa yo fè yon anons sou nouvo teknoloji klèb la genyen.
Klèb Aigle Noir anonse yo genyen yon kamera Veo. Kamera sa a gen kapasite pou filme pou kont li antrènman ak yon match foutbòl san li pa gen yon moun ki ap dirije l. Daprè klèb la tip kamera sa a se yon kamera dènye teknoloji foutbòl la genyen. Avèk kamera sa a yo sèlman mete bò tèren an, li ap filme pou kont li tout antrènman oubyen match yo andirèk.
Daprè direksyon klèb la, kounya gras ak aparèy sa a yo pral filme antrènman tou 2 ekip yo a (fi ak gason) epi yo ap filme match amikal yo andirèk. Aparèy sa a pral ede antrenè klèb la kapab pi byen analize match yo kit sou taktik oubyen sou teknik. Epi li pral kapab bay jwè yo prestasyon endividyèl yo an chif. Chak Jwè ap konnen ki kantite pas li fè, ki kantite drib, ki kantite pakou li kouri pandan match la, kòman li deplase sou tèren an.
Aigle Noir antre nan yon nouvo mond kote li se premye klèb nan chanpyona nasyonal la ki gen teknoloji sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou