AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Kòman sa ye pou Jean Jairo Estephano nan peyi Endonezi?

imaj atik la

10 oktòb 2026   Benswilkenson Jean   743

Entènasyonal ayisyen an Jean Jairo Estephano ap jwe nan klèb Garudayaksa a nan peyi Endonezi. Grenadye a jwe premye match li ak klèb la.


Mitan tèren ayisyen an Jean Jairo Estephano ki gen 28 lane ap jwe pou sezon sa a ak klè Garudayaksa a nan peyi Endonezi. Jwè ayisyen an siyen nan klèb sila a depi 15 septanm lan, li jwe premye match li jodi samdi 10 oktòb la e li pèdi l 2-1.

Anvan sa, Grenadye a t ap jwe nan peyi Libi nan klèb Military Union lan. Klèb Garaduyaksa a se yon klèb premye divizyon nan peyi Endonezi.

Pou premye match li ak klèb la Grenadye a te jwe tou 90minit match la malerezman li pa t ni make ni fè pas gòl pandan l t ap konstate defèt ekip li. Jairo jwe deja 4 fwa pou seleksyon nasyonal la malerezman li pa t make.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )