AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Laurie Ann Moïse fè gran retou li nan Seleksyon nasyonal fanm lan

imaj atik la Kredi Foto: @Kayseri FK

6 Oktòb 2026   Jacky Chéry   1094

Aprè yon long peryòd absans, atakan ayisyèn Laurie Ann Moïse retounen nan ekip nasyonal la pou 2 match zanmitay Ayiti ap gen pou jwe pandan trèv entènasyonal sa nan peyi Lafrans.


Nan yon piblikasyon sou rezo sosyal yo, Kayseri FK konfime konvokasyon atakan yo an pou rejwenn Grenadye yo nan kad rasanbleman Seleksyon fanm Ayiti an k ap gen pou jwe nan dat 9 ak 13 oktòb kont Japon ak Ostrali.

Laurie Ann, ki te kòmanse avèk ekip nasyonal la nan mwa fevriye 2024, te rete sou plizyè rasanbleman li pa t jwenn konvokasyon. Gras avèk pèfòmans li depi li rejwenn chanpyona premye divizyon Latiki an, atakan 24 lane an jwenn lòt opòtinite pou evolye sou koulè ekip nasyonal la.

Depi kòmansman sezon an, ansyèn jwez Sydney FC an genyen yon bon bilan. Aprè 4 jounen nan chanpyona a, Laurie Ann Moïse deja enskri 5 gòl, ladan yo yon triple li te make nan premye jounen an.

Laurie Ann Moïse se yon jwez ki fèt nan peyi Kanada, men paran l se Ayisyen. Kòm jwez, li te evolye nan foutbòl inivèsitè an nan lakou Etazini, ak plizyè eksperyans nan peyi Kanada, prensipalman nan FC Laval. Depi sezon pase, l ap jwe kòm pwofesyonèl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )