Fifa sòti klasman l pou mwa septanm lan. Seleksyon nasyonal la ak nouvo antrenè li a David Badia pran devan peyi Gabon ki te nome ansyen antrenè Ayiti a Sébastien Migné nan tèt yo.
Aprè 4 match sèlman nan tèt Grenadye yo antrenè espanyòl la David Badia ap konnen yon bon kòmansman ak seleksyon nasyonal ayisyèn lan. Pou demare avanti sa a espanyòl la te pral reyisi 3 premye match li yo men malerezman li ta pral tonbe nan katriyèm match la akoz eta fizik jwè yo te diminye.
Anvan antrenè espanyòl la te pran tèt ekip la, se te antrenè fransè Sébastien Migné ki t ap dirije ekip la. Ak antrenè fransè a Ayiti te monte nan Ligue A Ligue des Nations an epi li te patisipe nan dezyèm Mondyal nan istwa l. Malgre gwo eksplwa sa yo te toujou gen anpil dout sou kapasite teknik ak taktik antrenè fransè a pou te mennen bak Grenadye yo. Aprè Mondyal la Migné ta pral kite seleksyon an pou li al antrene peyi Gabon.
Nan moman Migné te kite seleksyon an Grenadye yo te desann nan 88èm plas klasman an. Peyi Gabon te devan nou nan klasman an. Pandan Migné ale, Federasyon an ta pral nome David Badia nan tèt Grenadye yo.
Antrenè espanyòl la ta pral fè diferans lan nan sèlman 4 match. (3 viktwa yon sèl defèt, 9 gòl make epi 5 gòl ankese). Nan nouvo klasman FIFA a Ayiti sòti nan 88èm plas li monte nan 84èm plas la. Kanta pou Migné ak Gabon yo pèdi yon plas kounya yo nan 85èm plas la nan do Ayiti.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou