Kredi Foto: @FHF
Danique Ypema, defansè 26 lane ki fèt nan zòn Montwi nan peyi Ayiti ap evolye nan peyi Olann konvoke ak seleksyon nasyonal la pou match amikal fas Ostrali ak Japon an.
Ypema jwe pòs defansè, li fèt nan dat 20 novanm 1999. Jwez la ki se yon orijinè ayisyèn gen nasyonalite olandèz tou. Men espòtivman li pral onore premye seleksyon l ak fanm Grenadye yo.
Danique Ypema fòme nan plizyè klèb nan peyi Olann tankou CVV Berkel ak kèk lòt klèb anvan li al kòmanse karyè pwofesyonèl li nan SC Heerenven nan lane 2018. Nan klèb sa li te fè yon sèl sezon li te jwe 18 match epi li te make yon grenn gòl. Aprè Heerenven, Ypema pral pase 2 lòt klèb nan Peyiba anvan li al fè yon kout tèt nan peyi etranje.
Pou premye avanti li nan peyi Etranje li te ale nan peyi Ekòs anndan klèb Hearts FC a. Ladan l li pase 2 sezon li te jwe sèlman 12 match. Li pral retounen Peyiba sezon sa kote li siyen nan klèb Hera United la. Klèb sila a ap evolye nan dezyèm divizyon chanpyona fanm olandè a.
Danique Ypema jwe pou prèske tout kategori jèn seleksyon fanm Peyiba a deja. Li jwe pou U15 lan, U17 la, U19 la ak U23 a. Men nan kategori senyò a, jwez la deside pote koulè seleksyon fanm ayisyèn lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou