Kredi Foto: @FHF
Seleksyon nasyonal fanm ayisyèn lan jwe premye match amikal yo nan fenèt FIFA a nan kategori pa yo a. Yo tonbe 5-1 devan Japon.
Medam Grenadye yo kase tèt zòtèy yo fò devan premye match yo jwe fas nasyon azyatik la (Japon) nan kad 2 match amikal yo genyen nan fenèt FIFA sa.
Pou match sa, antrenè seleksyon nasyonal la Pia Sundhage te kanpe ekip la nan yon sistèm 4-5-2, Naïla Louissaint te anba kan an. Majorite kad ki nan seleksyon an te prezan pou match sa a pami yo Corventina, Nerillia, Sherly ak Batcheba Louis.
Nan match sa a tou te gen jwez Inter Milan an Brittany Rapinoe. Malerezman medam japonèz yo te maltrete medam grenadye yo ak yon festival 5-1. Grenn gòl Seleksyon ayisyèn lan se pi bon bitè listwa seleksyon an ki make l , Batcheba Louis sou yon pas Nerillia Mondésir.
Ansyèn jwez ekip ayisyèn AS Tigresse la te sove lonè nou devan ekip Japon an. Jwez la pwofite pou asire pye l nan tèt klasman seleksyon nasyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou