AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Amandine Pierre-Louis desizif avèk Saint-Étienne nan Koup LFFP

imaj atik la

15 Novanm 2025   Jacky Chéry   844

Nouvo konpetisyon foutbòl fanm lan nan peyi Lafrans jwe jodi samdi an twazyèm jounen li. AS Saint-Étienne ki mal demare sezon an genyen Grenoble Foot 4-1, avèk Amandine Pierre-Louis ki enskri youn nan gòl yo.


Estefanwaz yo ki mal demare sezon an, fè premye viktwa yo nan Koup LFFP an epi relanse yo nan kous kalifikasyon pou kadefinal yo. Defansè entènasyonal ayisyèn lan ki te titilè sou bò dwat lan, enskri gòl ki te pèmèt Saint-Étienne fè 2-0 an.

Depi kòmansman sezon an, medam vèt yo t ap mache fè defèt youn aprè lòt. Nan Arkema Première Ligue lan, Estefanwaz yo avan dènye avèk 4 pwen. Yon sitiyasyon ki pa diferan pou yo nan Koup LFFP an kote yo genyen pou kounya twa pwen aprè twa jounen.

N ap note, Amandine Pierre-Louis k ap evolye sou koulè AS Saint-Étienne depi twa sezon, enskri jodi samdi an premye gòl li sou sezon an. Yon viktwa ki pote yon ti souf pou Sébastien Joseph ki poko kapab pran kap li avèk klèb Estefanwaz la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )