AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

America koule nan premye dèbi kayen an

imaj atik la

1 desanm 2025   Neuvième Junior   756

Nan match chòk 4èm jounen Ligue Haïtienne Football lan, America des Cayes ki t ap resevwa Juventus des Cayes nan Land des Gabions an pou jwe dèbi kayen an, asiste fason bato a koule (2-0) fas Solo yo pandan tout ekip la te enpwisan.


Nan match chòk 4èm jounen Ligue Haïtienne Football lan, America des Cayes ki t ap resevwa Juventus des Cayes nan Land des Gabions an pou jwe dèbi kayen an, asiste fason bato a koule (2-0) fas Solo yo pandan tout ekip la te enpwisan.

Pou demare rankont sa, klèb Solo yo te lanse match la. Aprè sa fin fèt, batay pou kontwòl balon an te kòmanse ak anpil foug kote 2 advèsè yo t ap goumen pou posesyon an. Men pou fason rankont sa te dewoule a, kontwole balon sa te parèt difisil akoz nivo angajman fòmasyon yo ki te bay satisfaksyon nan jan konba a te ye.

Kote Kòlòs yo, nan premye peryòd la, ekip la te antame match la ak yon volonte pou te kreye dout lakay solo yo. Men malgre tout sa, klèb la te manke kreyativite. Jan yo t ap jwe a, te montre anvi pou rache siksè a, poutan milye tèren yo pa chache pwofondè ni do defansè Juventus yo ki jwe yon gwo match.

Solo yo ki konprann si yo eseye jwe foutbòl yo te jwe sezon pase a, li kapab pote fwi, te oblije fè apèl ak sa pou eseye poze pwoblèm ak America. Pou sa, Peterson Seïde te mete l nan kondisyon pou asire dènye pas yo. Malerezman pou li, atakan pa t kapab fini aksyon yo. Pandan dèbi a t ap jwe san pwoblèm, Seïde ak Jean Max Guerrier te chwazi chofe san yo nan mete men. Abit santral la te oblije sanksyone yo chak la ak yon kato wouj pou mete yo deyò.

Aprè katon sa yo, manadjè Juventus la te deside antre Dorante Onelson ak Synvilcat Guetz nan rankont lan. Kòm rezilta, Guetz te pwovoke yon penalite an favè Solo yo. Malerezman Onelson te mete balon an nan poto e rate ouvèti eskò a. Yon tan aprè, menm Dorante sa te sakrifye l pou rive fè gòl 1-0 a nan 73èm minit anvan menm li t al jayi 2 minit aprè pou make yon double kont ansyen klèb li America des Cayes ki tonbe (2-0) nan 4èm jounen D1 ayisyen an.

Aprè defèt sa, Kòlòs yo rete ak 2 pwen alòske Juventus pase ak 6 pwen nan chanpyona a aprè 4 jounen boul.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )