Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Ligue Haitienne Football la nan yon kominike pou Laprès anonse yo repòte match Baltimore SC kont Real Hope FA, AS Capoise kont Cosmopolite SC, Ouanaminthe FC kont Tempête FC pou yon lòt dat akoz ensekirite a. Otorite LHF yo poko mete dat pou match sa yo jwe.
Akoz ensekirite jeneralize ki ap pèsiste nan divès kwen nan peyi, foutbòl ayisyen an pa sispann fè wout kwochi. Plizyèm match gen obligasyon pou pa kenbe dat ki te prevwa yo akoz pasaj la pa fin klè l ap posib.
Semèn pase a LHF la te oblije repòte match Tempête FC kont Baltimore SC a akoz ensekirite a, fwa sa yo anonse yo repòte 3 match ankò.
Kontèks sila a pa epanye okenn kouch nan vi sosyal peyi a ki pa sispann ap bay pwoblèm. Dènyeman Racing des Gonaïves te gen gwo difikilte pou te tounen lakay li aprè li te fin jwe yon match. Se nan wout dekoupe yo te oblije pase pou te rejwenn baz yo.
Sitiyasyon sila fè y ap poze anpil kesyon sou avansman foutbòl la ak estrateji LHF la pral adopte pou devye pwoblèm sa yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou