FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Antrenè Ekòs la gentan ap prepare l pou Ayiti

imaj atik la

05 desanm 2025   Benswilkenson Jean   690

Antrenè peyi Ekòs la Steve Clark pale sou match yo gen pou jwe kont Ayiti nan Mondyal la. Li fè konnen Ayiti p ap senp pou yo.


Tiraj osò Mondyal 2026 la fèt jodi a nan vil Washington nan peyi blan meriken. Ayiti tonbe nan menm gwoup ak Brezil, Mawòk epi Ekòs.

Antrenè peyi Ekòs la Steve Clarke gentan bay avi l sou match li ap gen pou jwe kont seleksyon nasyonal Grenadye a. "Ayiti p ap senp. Yo te domine gwoup yo a. Se nou menm ki dwe prepare nou trè serye epi pou nou byen reprezante Ekòs" deklarasyon antrenè a.

Antrenè 62 lane an pa minimize Ayiti menm jan yon seri antrenè konn abitye fè l la. Clarke plis kwè nan yon bon preparasyon, yon fason pou Ayiti pa sonnen lanbi a sou yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )