AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Jean Ricner Bellegarde pale sou anpil chanjman li kòmanse wè nan seleksyon an

imaj atik la

04 desanm 2025   Benswilkenson Jean   928

Mitan tèren ayisyen an Jean Ricner Bellegarde pa bouche je l sou chanjman li konstate ki kòmanse genyen anndan seleksyon nasyonal la. Mitan tèren Wolverhampton lan di li konstate yon chanjman nan bon direksyon an e anpil jwè ki ansyen fè menm remak la


Youn nan rezon kalifikasyon nan Mondyal 2026 lan se gras ak Jean Ricner Bellegarde ki te dakò vin pote koulè seleksyon an nan yon moman Ayiti te plis bezwen l. Jwè a fè konnen vin jwe pou peyi a se akoz lanmou.

"Chwa kè m lan se te Ayiti" deklarasyon grenadye a nan mikwo Foot Mercato.

Nivo seleksyon an ogmante pa rapò ak sa anpil moun t ap konstate nan lane pase yo. Anpil nouvo jwè te vin ede Ayiti pouse kabwèt kalifikasyon an nan eliminatwa Mondyal 2026 la nan zòn CONCACAF la. Jean Ricner Bellegarde ki se youn nan ranfò seleksyon an konstate gen yon gwo van chanjman ki ap vante nan mitan gwoup la.

"Mwen vrèman konstate yon chanjman nan bon direksyon an. Koze pwofesyonèl la mwen kòmanse santi l vre. Menm jwè ki te la anvan m yo santi sa. Anpil nan yo di m kondisyon yo pa t konsa pou yo te vini. Men kounya bagay yo pi byen òganize. Yo konnen se mòd chanjman sa yo ki ap atire binasyono yo sitou nan yon lane Koup di Mond, deklarasyon Jean Ricner Bellegarde nan mikwo Footmercato.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )