Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Ekip jamayiken an, Mount Pleasant FA, ekri listwa ayè swa nan Independence Park la, vil Kingston, kote li fè (2-2) ak O&M FC nan match retou final pou ranpòte Caribbean Cup 2025 la ak yon total (3-2). Viktwa sa a pèmèt yo tounen dezyèm ekip jamayiken ki pran konpetisyon an, aprè Cavalier an 2024.
Triyonf sa a make yon gwo jounen pou foutbòl ayisyen an, paske senk (5) Ayisyen fè pati ekip ki chanpyon an : Daniel Saint-Fleur, Rapha Intervil, Angelot Exilus, Johnson Jeudy ak Clifford Thomas.
Yo tout vin tounen chanpyon Karayib la, yon tit ki mete plis valè sou prezans ayisyen yo nan foutbòl rejyon an.
Nan match la, O&M FC te oblije jwe a 10 kont 11 depi nan 27èm minit aprè Júnior Capellán pran yon katon wouj. Malgre dezavantaj la, ekip dominiken an te frape an premye. Nan 45’+5, Frantzety Hérard, atakan ayisyen O&M lan louvri eskò a pou bay ekip li lespwa.
Men nan dezyèm mitan an, Mount Pleasant pa t fè bak : 62’ : Warner Brown egalize (gòl konfime pa VAR). Rapid vit nan 69’ nan, O&M reprann avantaj la ak yon tèt Julen Olasagasti sou yon bèl balon Hérard te voye.
Men nan 87èm minit Tyreek Magee frape pou mete match la (2-2), gòl ki finalman bay Mount Pleasant tit la.
Avèk kouwòn sa a, Mount Pleasant tounen chanpyon Karayib 2025 lan. Ekip la pran tikè dirèk pou 1/8final Ligue des champions CONCACAF 2026 la epi O&M tou kalifye pou konpetisyon an, gras ak plas li nan final la.
Tit sa a make yon avanse enpòtan pou Mount Pleasant, li louvri pòt pou Ayisyen ki nan ekip la kontinye briye sou sèn entènasyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou