AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Corventina : yon tranbleman ki kraze vil Belmopan

imaj atik la

1e desanm 2025   Steve Pierre   455

Nan premye match eliminatwa Mondyal 2027 la, Melchie Dumornay “Corventina” te pote jwèt la sou tèt li. Avèk 2 gòl epi 4 pas, sipèsta ayisyèn nan te dirije yon viktwa (9-0) kont Beliz, ayè 30 novanm 2025, nan FFB Stadium Belmopan an. Yon kòmansman tèt chaje pou Grenadyè yo ki deja pran tèt gwoup la.


Si Ayiti te klere konsa, se paske Melchie Dumornay te bay teren an tout limyè li. Mitan teren an te distribye pas, oryante ak kraze defans Beliz la san rete. Chak aksyon li manyen tounen danje. Avèk 4 pas gòl, Corventina te sèvi kòm motè ki te lanse atak yo, epi li te tou fini travay la ak yon bèl double (78’, 87’).

Ayiti pa t pèdi tan pou montre Beliz ki bwa l chofe ak 9 gòl, men lis lòt bitè yo :

● Nérilia Mondésir : 12’, 18’, 32’, 63’

● Batcheba Louis : 14’, 50’

● Roseline Éloissaint : 43’

Depi premye minit yo, Grenadyè yo te montre yo pi wo sou tout plan : teknik, fizik, presyon, sikilasyon. Belize pa t jwenn okenn espas pou respire. Men, nou ka souliye, jwèt seleksyon nasyonal la gen anpil dechè, anpil bagay pou korije.

Avèk viktwa (9-0) sa a, Ayiti pran tèt Gwoup D a. Pwochen match la se kont Siranam, nan mwa mas 2026 k ap vini la.

Ayè, 30 novanm 2025 lan rete yon demonstrasyon fòs. Grenadyè yo goumen an ekip, men se Melchie Dumornay ki te siyen liv match la. Si Corventina kontinye nan menm nivo sa a, Ayiti gen tout rezon pou kwè nan yon nouvo listwa nan foutbòl fanm la'.

Grenadyè yo lanse avètisman : Mondyal 2027, nou sou wout la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )