AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Yon ansyen jwè Racing Club Haïtien abandone kous lavi a

imaj atik la

6 desanm 2025   Neuvième Junior   630

Nan match ki te mete Racing club Haïtien fas Don Bosco wikenn pase pou 4èm jounen Ligue haïtienne de football la, anpil moun te remake avan match la, 2 fòmasyon yo te chwazi fè yon minit silans. Ebyen, sa te fèt nan lide pou rann omaj ak youn nan jwè klèb Racing lan ki pa kontinye wout lavi a aprè yon maladi ki pa t gen solisyon.


Nan match ki te mete Racing club Haïtien fas Don Bosco wikenn pase pou 4èm jounen Ligue haïtienne de football la, anpil moun te remake avan match la, 2 fòmasyon yo te chwazi fè yon minit silans. Ebyen, sa te fèt nan lide pou rann omaj ak youn nan jwè klèb Racing lan ki pa kontinye wout lavi a aprè yon maladi ki pa t gen solisyon.

Jèn sa ki pèdi lavil lan, se youn pami talan komin kanperen te fè konesans avèk li depi kèk tan. Pwodwi sa ki te gen non Tommy-lee Clergé, te wè jou yon 27 septanm 1997 nan lokalite maslin (piko). A fòs li t ap grandi, lanmou l pou foutbòl te kòmanse devlope ak yon vitès ki te menm parèt twòp pou li. Pou l te rive jere sa, Tommy-lee te chwazi reponn foutbòl wi akoz li te tonbe damou e kòmanse yon avanti.

Aprè repons sa, yo te vin tankou kòkòt ak figawo tèlman youn pa t kapab viv san lòt. E kòm prèv, nan lakou kanperen, vil Okay, manich, katich, dichiti, jereli, pòsali pou rive pòtoprens, li pa t janm refize jwe kote sa yo swa nan gwo kan ou ti kan. Avèk pasyon sa ki te rive mennen l tout kote sa yo, talan kanperinwa sa ki te vize seleksyon nasyonal la, te rive pran desizyon pou al fè plis eksperyans nan kapital la jis pou l kapab jwenn plis opòtinite ak talan sa Bondye te bali a. E gras ak sa, li te rive rejwenn Racing Club Haïtien pou tante enpoze li. Malerezman pou li, yon maladi rive frape l e vin lakoz li retounen lakay li ak espwa l ap geri. Poutan, olye sa fèt, se souf li ki koupe jis lale e kite moun fanmi l zanmi l ak dlo nan je.

Nan menm lide pou onore memwa li, nan match amikal Ouragan fas Juventus des Cayes la, jwè yo te pwofite okazyon pou obsève yon minit silans an memwa li. E pou fè swit ak sa, 2 ansyen lekòl li te frekante nan komin lan, deside jwe yon rankont amikal pou rann li omaj yon dènye fwa malgre nivo doulè yo konnen sa pral enflije kèk pwòch.

Kote klèb kapital la, malgre dèy la, yo ap gen pou kontinye ak chanpyona wikenn sa kont America des Cayes ki ap fè deplasman pou ale tante pran premye 3 pwen yo nan chanpyona.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )