AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Juventus glise nan lakou kanperen anvan match kont Violette AC a

imaj atik la

5 desanm 2025   Neuvième Junior   898

Dimanch 7 desanm, sou tèren Land des Gabions vil Okay, 2 pami klèb moman ki abitye fè balon an pale, gen randevou pou jwe 5èm e dènye jounen seri ale ouvèti chanpyona ayisyen an. Avèk 2 viktwa e 2 defèt, Juventus des Cayes ap tann Violette AC pou tante chape nan klasman gwoup Sid lan. E avan rankont sa, solo yo glise fas yon ekip kanperinwa.

Ekip solo a ki te vle fè yon tès pou konnen kòman sa ye kote jwè yo, te planifye yon rankont chofe jarèt ak Ouragan de Camp-Perrin sou Parc solidarité Levy a. Nan rankont sa, klèb vil la ki te jwe premye peryòd la ak plizyè jwè nan rezèvis yo, te echwe kont ti mesye kanperen yo (1-0). Gòl sa te vini aprè yon koufran Pierre Luxon te choute pou twonpe gadyen Juventus la.

Poutan, ekip Solo a te pran match sa ak yon seryozite ki te menm bay kè kase lakay piblik kanperen an ki t ap asiste rankont sa. Malerezman pou jwè vil la, pòtye Ouragan an te solid nan kan an avèk kèk tantativ ki te kadre li pa t kite pase.

Aprè tès sa, responsab teknik Juventus des Cayes la kapab konstate kote ekip la gen fay pou pote amelyorasyon anvan menm yo afwonte klèb kapital la ki se youn nan meyè ekip chanpyona a genyen. Pou sa, yo pral oblije panse pou anndan tèren yo a ki p ap gen Peterson Seïde akoz katon wouj li te pran fas America des Cayes la aprè l te mete men ak yon lòt jwè Kòlòs.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )