ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Nou an desanm, yon gwo non nan chanpyona Itali an toujou poko konn gou viktwa sezon sa

imaj atik la

2 desanm 2025   Schmidt Jean   898

Ekip la ki te fini 6èm nan Serie A a sezon pase a e ki ap jwe nan Europa Conference League la sezon sa ap konnen yon move sezon nan chanpyona italyen an. Aprè 13 jounen boul Fiorentina poko konnen gou viktwa. 6 match nil, 7 defèt ak 0 viktwa se bilan ekip sa ki rich nan listwa foutbòl italyen an.


Fiorentina ap ap jwe premye divizyon foutbòl italyen an depi an 2004 aprè yo te fè yon desann brèf (pou yon sezon) nan dezyèm divizyon. Pandan 20 dènye lane yo ekip la te konsistan nan fini pami 8 premye yo nan chanpyona a. Men sezon sa bagay yo pa bon menm pou yo.

Aprè yon bèl sezon ak Raffaele Palladino kòm antrenè ki kite yo pou al jwenn Atalanta, Fiorentina te voye rele yon ansyen kay la, Stefano Pioli pou vin mennen ekip la pou sezon 2025/2026 la.

Rekonsilyasyon sa pa t mache nan Artemio Franchi a (estad Fiorentina resevwa match yo). 4 novanm pase a, aprè sèlman 115 jou kòm antrenè ekip la, Fiorentina te revoke Stefano Pioli. Menm direktè teknik ekip la, Daniele Pradè te remèt demisyon. Desizyon sa yo te vini aprè yon defèt lakay yo kont Lecce ki te mete yo dènye nan klasman an ak sèlman 4 pwen.

De (2) antrenè aprè, yon enterimè (Daniele Gallopa) ak nouvo antrenè pèmanan an, Paolo Vanoli, plis senk (5) match, anyen pa ko ka mache. Fiorentina toujou poko ka fè viktwa nan Serie A a.

Vanoli sou ban yo a deja pou 3 match Serie A epi 1 match Conference League men bilan an se 2 match nil (Serie A) 2 defèt. Ekip la gen yon kalandriye chaje pou mwa desanm nan. Y ap gen pou jwe 6 match soti 6 pou rive 27 desanm. Kat ladan yo ap nan Serie A a kote yo ap deplase sou tèren Sassuolo samdi k ap vini an. Epi yo gen randevou ak Hellas Verona, Udinese epi Parma pou rès ane a.


Pou kounya Fiorentina chita nan 19è plas Serie A a epi genyen 5 pwen an mwens 17èm nan. Yo gen sèlman 6 pwen, menm total ak Hellas Verona ki yo menm nonplis pa konnen viktwa nan chanpyona a.


Èske ekip sa ki gen David De Gea, Robin Gosens, Edin Dzeko ak Moïse Kean...pou n site sa yo sèlman ap desann nan Serie B? Kilè y ap konnen gou viktwa nan chanpyona a, si y ap rive fè sa?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )