Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan faz 16edefinal Koup Polòy la, KS Hutnik Cracovie kise klèb Wilde-Donald Guerrier a te kontre sou wout li Wisła Kraków. Pandan moman afwontman 2 fòmasyon yo, Wilde ak tout ekip la oblije pran wout pòt la pou yo akoz ansyen ekip grenadye a anpeche mete l deyò.

Avèk yon dispozitif 5-4-1 kote klèb Donald la, koyekipye li yo te twouve yo nan yon sitiyasyon kote yo pa t rive jere l, jis Sportowy tonbe nan pyèj ekip Wisła, ki bat yo (1-0) pou koupe chimen yo nan Koup Polòy la.
Malgre match la te parèt ekilibre kote 2 ekip yo, klèb Wisła te oblije tann jiska 62èm minit pou tape ekip Hutnik lan ki te fè yon bon valè tan ap reziste ak aso advèsè a. Malerezman, koyekipye Wilde-Donald yo echwe fas yon ekip ki deplwaye plis efò pase yo.
Aprè eliminasyon sa, ti mesye Hutnik Cracovie yo oblije konsantre yo sou chanpyona yon fason pou yo kapab kite pozisyon ekip la retwouve l nan klasman an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou