Kredi Foto: @Mans FC
Seconde Ligue la jwe jodi dimanch 4 oktòb la katriyèm jounen l. Pou okazyon sa, Le Mans FC genyen FC Metz (2-1) ki pèmèt li pran tèt klasman an avèk 7 pwen, annatandan rès ekip yo jwe.
Mansèl yo ki pa t jwe wikenn pase an nan twazyèm jounen an kontinye sou bèl lanse yo nan chanpyona a. Avèk Anyssa Ibrahim epi Roxanne Vilain ki te titilè, Mans FC fè viktwa sa sou FC Metz k ap fè yon bon sezon tou.
Jwez ayisyèn yo, k ap gen pou rejwenn Seleksyon nasyonal la pandan trèv entènasyonal foutbòl feminen an semèn sa, jwe tout 90 minit yo. Yon sitiyasyon ki montre enpòtans de Grenadye sa yo nan efektif Mans FC.
N ap raple, Roxanne Vilain rejwenn Mansèl yo sezon sa aprè plizyè lane nan West Virginia University nan peyi Etazini. Anyssa Ibrahim bò kote pa l sou dezyèm sezon avèk Le Mans aprè yon pasaj nan chanpyona premye divizyon Pòtigal la.
Seleksyon nasyonal la ap gen pou jwe nan match zanmitay 9 oktòb kont Japon epi 13 oktòb fas Ostrali, nan peyi Lafrans, nan kad preparasyon pou match desizif sa Grenadye yo ap gen jwe nan mwa novanm lan kont Meksik.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou