Deklarasyon Wilson Isidor te fè apre viktwa 4-1 Ayiti sou Repiblik Dominikèn nan kontinye fè pale. Prezidan Federasyon Dominikèn Foutbòl la (Fedofútbol), José Deschamps, konsidere pawòl atakan ayisyen an kòm yon «mank respè pou souverènte nasyonal» Repiblik Dominikèn.
Isidor, te make de gòl nan viktwa Ayiti a, te fè yon deklarasyon an fransè aprè match la, pandan li t ap selebre rezilta. Daprè videyo ki sikile aprè rankont lan, jwè a te di: «L’Hispaniola est Haïti. Haïti est ici», pandan li te lonje dwèt sou teren an epi sou mayo seleksyon Ayiti a.
Reyaksyon prezidan Fedofútbol la pa t pran tan. José Deschamps deklare pawòl sa yo pa akseptab selon li nan kad yon konpetisyon foutbòl entènasyonal.
«Pou nou, se yon mank respè pou souverènte nasyonal Repiblik Dominikèn», deklarasyon Deschamps, selon Diario Libre.
Prezidan federasyon dominiken an anonse tou Fedofútbol gen entansyon voye yon dosye bay otorite entènasyonal foutbòl yo, sitou FIFA ak CONCACAF, pou yo egzamine deklarasyon jwè ayisyen an. Li di federasyon an pral prepare yon demach ofisyèl sou dosye a.
Deschamps estime deklarasyon an te fèt nan yon kontèks ki te kapab depase kad espòtif la. Li fè konnen Repiblik Dominikèn te resevwa delegasyon ayisyen an pou match Lig Nasyon CONCACAF la e li konsidere pawòl Isidor yo kòm yon deklarasyon ki te «deplase» nan kad rankont lan.
N ap fè sonje match la te jwe nan Estadio Olímpico Félix Sánchez nan Santo Domingo, li te fini sou yon viktwa 4-1 pou Ayiti. Wilson Isidor te jwenn de gòl, pandan Louicius Deedson ak Yassin Fortuné te konplete viktwa pou seleksyon nasyonal la. Dorny Romero te make sèl gòl Repiblik Dominikèn nan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou