AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Bitielo Jean-Jacques mennen U-17 Orlando City a nan MLS Next Cup

imaj atik la Kredi Foto: @Orlando City Academy

30 Avril 2026   Jacky Chéry   154

Ansyen entènasyonal ayisyen Bitielo Jean-Jacques ap make non li nan foutbòl jèn lan nan peyi Etazini. Ansyen Grenadye an rive mennen ekip U-17 Orlando City a nan MLS Next Cup la aprè yon bèl kanpay nan MLS Next Flex.


Avèk anpil detèminasyon, poulen Bitielo yo batay jis yo fini an tèt gwoup yo an ak 8 pwen, devan New England FC ki gen 7 pwen. Avèk siksè sa, anyen Grenadye a konfime pwogrè l ap fè nan foutbòl la kòm antrenè.

Avèk jèn Orlando City yo, Bitielo Jean-Jacques pa sèlman ap travay taktik, li ap fòme egalman karaktè ti mesye li yo. MLS Next Cup lan se pral yon lòt vitrin pou ansyen Grenadye an kontinye montre konpetans li kòm antrenè.

Siksè Bitielo Jean-Jacques nan foutbòl jèn lan nan peyi Etazini reprezante yon sous fyète pou tout jèn ayisyen ki ta swete rive lwen nan domèn antrenè an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou