Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Federasyon entènasyonal foutbòl asosyasyon an (FIFA) anonse ayè madi an gen yon ogmantasyon nan lajan ki te prevwa bay pou 48 ekip k ap gen pou patisipe nan Mondyal 2026 lan.
Nan lakou Vankouvè, responsab FIFA yo fè konnen chak patisipan yo ap gen pou resevwa 10 milyon dola ameriken kòm prim patisipasyon, kontrèman ak 9 milyon ki te bay nan edisyon avan an. Prim preparasyon an ki te 1,5 milyon dola pase pou kounya a 2,5 milyon dola vèt.
Nan edisyon Mondyal 2026 lan k ap gen pou fèt nan peyi Etazini, Meksik ak Kanada, FIFA prevwa distribiye 871 milyon dola ameriken bay ekip k ap patisipe yo, sa ki se yon ogmantasyon 15% parapò ak Koup Dimond 2022 an.
Daprè prezidan FIFA a, Gianni Infantino, ogmantasyon sa reflete eta finansye solid enstans lan epi volonte pou ranfòse soutyen l ak federasyon k ap gen pou patisipe nan gwo fèt foutbòl sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou