Kredi Foto: @Mr Carl Shoot
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan peyi Kanada, FIFA anonse 2 nouvo mezi disiplinè ki pral antre nan aplikasyon pandan Koup Dimond 2026 la, aprè yon reyinyon espesyal ki te fèt nan vil Vankouvè. Yon desizyon IFAB ki se òganizasyon responsab pou tabli règ foutbòl atravè mond lan valide.
Nan yon kominike ofisyèl ki sòti jodi madi an, FIFA fè konnen nouvo mezi sa yo vize ranfòse disiplin sou tèren an epi konbat konpòtman ki pa apwopriye oswa diskriminatwa pandan match yo.
Premye nouvo règ la konsène jwè ki kouvri bouch yo pandan y ap pale ak advèsè yo nan moman konfli sou tèren an. Daprè nouvo dispozisyon an, òganizatè konpetisyon an ap gen dwa bay yon jwè katon wouj si li kouvri bouch li pandan yon diskisyon ak yon advèsè. FIFA eksplike mezi sa a fèt pou anpeche sitiyasyon kote jwè yo ta ka fè deklarasyon ofansif oswa diskriminatwa san otorite yo pa ka verifye sa.
Dezyèm mezi a vize jwè oswa manm estaf teknik ki ta kite tèren an pou pwoteste kont desizyon abit la. Daprè nouvo règ sa, nenpòt jwè ki kite tèren an pou manifeste kont yon desizyon ka resevwa katon wouj, menm jan tou nenpòt manm estaf teknik yo ki ankouraje jwè yo fè sa.
Anplis de sa, FIFA presize nenpòt ekip ki lakòz yon match sispann akoz yon retrè volontè kapab deklare pèdan otomatikman. Objektif règ sa, daprè otorite yo, se pou evite dezòd pandan match yo epi garanti respè règ yo ak otorite abit la.
FIFA anonse 48 seleksyon ki pral patisipe nan Koup Dimond 2026 la ap resevwa detay sou nouvo règ sa yo nan semèn k ap vini yo. Nouvo dispozisyon sa yo deja pwovoke anpil diskisyon nan mond foutbòl la, sitou paske yo rive nan yon moman kote kesyon disiplin ak jès pwotestasyon sou tèren ap pran anpil plas nan deba entènasyonal yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou