Kredi Foto: @Syndicat national des arbitres de Football d'Haïti
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Yon sèn vyolans grav make match ki te mete fas pou fas FICA ak Baltimore SC ayè mèkredi 29 avril la nan Okap. Rankont sa a, ki te fini sou yon viktwa (1-2) anfavè Baltimore, pa t sèlman desizif pou kalifikasyon an, men li kite dèyè yon gwo eskandal ki soulve kesyon sou sekirite ak disiplin nan foutbòl nasyonal la.
An reyalite, apre defèt FICA a ki elimine yo nan kous pou rive nan final seri kloti a kont Violette AC, tansyon an te pran yon lòt dimansyon. Daprè temwayaj plizyè moun ki te prezan nan Pak Saint-Victor, plizyè endividi ki te abiye ak mayo estaf ekip FICA a, ansanm ak kèk fanatik, anvayi tèren an epi atake abit yo.
Se konsa, de (2) nan kat (4) abit ki t ap dirije match la te sibi gwo zak agresyon. Guersandy Augustin, ki te abit santral la, ansanm ak Valery Eloy (yon asistan), te pran anpil kou. Malgre prezans lapolis sou plas, temwen yo fè konnen pa t gen okenn entèvansyon rapid, se sèlman apre zak vyolans yo fin fèt kèk ajan UDMO te antre sou tèren an.
Pandan dezòd la, yo te pran dispozisyon pou mete Nelson Michel (yon lòt asistan) ak Luccinel Cineas (4yèm abit la) an sekirite nan vestyè a, paske yo se moun Okap. Okontrè, de (2) lòt abit yo, ki sòti Gonayiv, te sibi move tretman anba kout baton ak kout pye.
Anplis de sa, premye rapò ki sòti bò kote abit viktim yo site non plizyè moun nan kan FICA. Pami yo, gen jwè tankou Fameux Rubens ak Sandinho Saint-Jean, ansanm ak manm estaf la tankou Desarmé Johnson ak Orange Roguel. Daprè menm dokiman sa yo, Sandinho Saint-Jean ta fè agresyon vèbal, pou lòt non yo site yo ta enplike nan agresyon fizik sou ofisyèl yo.
Finalman, dosye a deja sou tab Ligue Haïtienne de Football (LHF), atravè komisyon disiplin li, ki gen pou analize sitiyasyon an epi pran desizyon sou sanksyon ki dwe aplike. Pandan tan sa a, kesyon sekirite nan Pak foutbòl yo ak konpòtman aktè foutbòl yo rete yon gwo sijè ki merite refleksyon nan mitan opinyon piblik la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou