Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
dènye jounen pleyòf la nan gwoup Nò a, te gen yon gwo ensidan ki rive nan match FICA kont Baltimore SC a. Dirijan FICA yo pete gwo batay ak abit match la. Ant Federation Haïtienne Football la ak Ligue Haïtienne Football la kiyès ki dwe jije sa?
Nan
Nan dokiman reglemantè sou disiplin chanpyona nasyonal sezon 2025-2026 la Ligue Haïtienne Football la (LHF) te mete deyò, yo te bay detay sou kisa ki ap pase si ta gen yon seri ensidan nan match foutbòl yo. Nan atik 13 ki nan pati Komisyon Jiridiksyonèl la, komisyon disiplin Fédération Haïtienne Football la se prensipal jij ki la pou retranche an premye tout bagay ki mal pase nan chanpyona a.
Selon pwen A nan atik 13 la, depi direksyon konpetisyon an wè yon bagay pa respekte, li dwe pote l nan biwo sekretarya jeneral Federasyon an epi Sekretrya a li menm ap pote l devan komisyon an pou rès travay yo fèt.
Daprè atik 33 a, toujou nan kòd reglemantè Ligue Haïtienne Football la : "Tout agresyon fizik, vèbal oubyen sikolojik yon jwè oubyen yon manm nan estaf oubyen piblik ekip ki ap resevwa a ta fè sou yon manm nan ekip k ap visite a ap gen pou tonbe anba sanksyon. Yo kapab pèdi pwen oubyen peye amand."
Daprè chapit 7 kòd disiplinè LHF la, FICA gen chans tonbe anba gwo sanksyon. Non sèlman yo pa respekte Atik 33 a, yo vyole anpil règ nan atik 58 la tou.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou