AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Chelsea Domond ak Betina Petit-Frère pa rive anpeche EA Guingamp desann nan D3

imaj atik la Kredi Foto: @Amy Pulse Agence

27 Avril 2026   Jacky Chéry   1084

Aprè yon sezon katastwofik, En Avant Guingamp ki genyen ladan l 2 entènasyonal ayisyèn ofisyèlman relege nan twazyèm divizyon. Twa jounen avan fen Seconde Ligue lan, medam Guingamp yo pèdi dènye chans yo te genyen pou rete nan dezyèm divizyon an.


Nan okazyon 19èm jounen Seconde Ligue lan, En Avant Guingamp pran yon koreksyon fas Lille 4-0, ki tou kondane ekip lan pou jwe pwochen sezon an nan twazyèm divizyon. Nan 19 match match ki jwe deja yo, wouj e nwa yo genyen sèlman 2 viktwa pou 3 nil ak 14 defèt.

Malgre jefò Chelsea Domond ki fè plizyè gòl depi lè li rejwenn En Avant Guingamp an, sa pa t sifi pou ekip lan te sove sezon an. Chanjman antrenè nan mitan sezon an pa t bay rezilta egalman.

Avèk prezans Betina Petit-Frère ki te titilè nan defans lan jodi dimanch lan fas Lille, En Avant Guingamp konnen yon lòt defèt ki tou antere tout espwa pou te rete nan Seconde Ligue lan.

N ap note, Chelsea Domond ki se youn nan meyè jwez ekip sa pa t la nan match jodi a, kontrèman ak Betina Petit-Frère ki jwe tout match lan. Bò kote Lille OSC, Joséphine Vanuxeem te rantre nan kòmansman dezyèm mitan an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou