AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

FICA pa pran tan pou kondane agresyon ki fèt kont abit yo nan match kont Baltimore an

imaj atik la Kredi Foto: @Football Inter Club Association

30 Avril 2026   Jacky Chéry   594

Nan yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo, Nou te kapab konstate abit yo nan match Baltimore SC kont FICA ki t ap pran anpil kou nan men fanatik ak lòt manm piblik lan. San pran tan, klèb Okap lan denonse zak sa ki kapab sal imaj klèb lan.


Nan yon kominike ki pibliye jodi jedi an, responsab Football Inter Club Association yo fè konnen konpòtman sa yo pa ale nan menm sans ak valè respè ak fratènite ki se fondman menm foutbòl la.

Nan menm kominike sa, FIFA renouvle atachman li san fay li genyen nan fè pwomosyon yon foutbòl san vyolans avèk prensipalman respè pou ofisyèl, jwè, dirijan ekip epi fanatik yo.

Responsab FICA yo mande tout aktè yo pou pran responsablite yo nan lide pou chanpyona kapab yon fèt espòtif, nan diyite ak sekirite.

N ap raple, FICA pèdi ayè mèkredi an nan Pak Senviktò (1-2) kont Baltimore SC, ki te lakoz yo rate okazyon pou te jwe final seri retou chanpyona nasyonal premye divizyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou