Kredi Foto: @Baltimore SC
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Baltimore SC ranpòte yon bèl viktwa 2-1 jodi mèkredi an sou FICA nan yon match kote ekip Senmak la te byen metrize, prensipalman gras avèk atakan yo an, Amstrong Leconte, ki fè tou 2 gòl yo.
Jèn entènasyonal ayisyen U-20 an se te prensipal ewo rankont sa ki jwe nan Pak St Victor an avèk double sa li make an ki te pèmèt Baltimore SC mennen 2-0 byen rapid.
Avèk pèfomans sa, jèn Grenadye an kontinye montre tout kapasite li genyen, pandan l ap enpoze tèt li kòm youn nan eleman enpòtan nan ekip Baltimore a gras ak efikasite li devan kan an.
Malgre grenn gòl sa meyè bitè chanpyona a, Sandinio Saint-Jean, te make nan fen match lan, sa pa t sifi pou FICA ki tou rate okazyon pou te rejwenn Violette AC nan final seri kloti chanpyona nasyonal premye divizyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou