Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pandan n ap pwoche bò dènye jounen faz pleyòf yo nan Ligue Haïtienne de Football (LHF), tansyon an monte nan pi wo nivo nan Gwoup Nò a. Aprè viktwa enpòtan FICA te rache kont Racing FC (1-2) ak nil (0-0) ant de (2) frè lènmi Senmak yo, twa ekip ap goumen kò a kò pou yon sèl biyè: plas pou al jwenn Violette AC nan gwo final seri kloti a.
Pou kounye a, se FICA ki chita sou chèz lidè a ak 10 pwen. Men, souf Tempête FC (8 pwen) ak Baltimore SC (8 pwen) ap cho nan kou yo. Racing FC li menm, ak yon sèl ti pwen, deja pran wout eliminasyon.
Nan dènye jounen an, match yo ki gen pou jwe jedi 30 avril a 4è ap desizif anpil. De afich yo gen anpil bagay ki ka pase ladan yo.
• FICA vs Baltimore: Se match chòk la. Yon viktwa ap voye FICA dirèkteman nan final. Men, si Baltimore genyen, yo ka pase devan FICA.
• Tempête vs Racing FC: Tempête gen obligasyon pou l pran 3 pwen yo kont yon ekip Racing ki pa gen anyen pou l pèdi, pandan l ap espere yon fo pa nan lòt match la.
Si de (2) oswa plizyè ekip fini ak menm kantite pwen (pa egzanp si FICA pèdi epi Tempête genyen), se la règleman LHF la ap antre an jwèt. Dapre sa lig la prevwa:
Premye kritè a se pa diferans gòl jeneral la, men se pwen nan konfrontasyon dirèk ant ekip ki fini egalego yo.
Si sa pa sifi, y ap gade diferans gòl patikilye ak kantite gòl make nan match ant ekip sa yo sèlman.
Si malè ta vle pou yo toujou egalego, y ap desann nan "Fair Play" (mwens katon) oswa menm yon tirajosò.
Violette AC, ki deja ap tann advèsè l la ak de pye l fèm, pral konnen non advèsè l la jedi swa. Èske se va eksperyans FICA? Èske se va fòs defansiv Baltimore la? Oubyen detèminasyon "Bèl Kolòn" yo?
Yon sèl bagay ki sèten: fanatik foutbòl yo nan Nò a ak nan Senmak p ap dòmi pandan 90 minit sa yo k ap vini la a. Se va yon batay taktik ak matematik kote chak gòl ap konte doub.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou